Chè Entreprenè E-commerce
Nan chanjman mondyal Kap Fèt nan biznis sou entènèt la, kreyasyon yon bran e-commerce ak siksè vin yon rèv ak yon defi. Lajan ki nan lòt bò baryè , opòtinite san limit , ak kapasite ki genyen pou ou viv yon vi totalman endepandan kote ou lib Finasyèman. Men, reyalite a gen tandans enkli anpil konplikasyon, konpetisyon, ak batay ki pou fè brand ou pran yon lot nivo e menm arive janbe dlo.
Sa ki te ensite nou mete yon fen ak Difikilte sa ke yon pakèt moun ap rankontre, nou ale pi lwen kote nou arive kraze baryè sila Gras a Liv $1 Milyon nan E-commerce Brand ke nou pote pou ou aprè Plizyè ane aprantisaj ak eksperyans . Nou konprann e nou konnen defi ke ou fè fas ak yo paske nou te rankontre yo tou se pou tèt sa nou deside kreye yon plan byen detaye ki pral moutrew etap pa etap chemen an, ki pral gide ou nan vwayaj la ki se bati yon brand e-commerce ak siksè. Liv sa a pa jis yon koleksyon teyori; li se yon chemen pratik pou ede ou rive nan siksè finansye ak libète pèsonèl ou ke ou te toujou reve.